Josué Garchette : Une lumière qui s’éteint brusquement dans le paysage Bainetien
Komin Benè chaje jèn Zetwal ki ap pote Limyè pou yon Benè tou nèf.
Pami Jèn Zetwal sa yo, Josué Garchette ki te yon gason plen Enèji ak Talan te youn ladan yo.
Mwen konnen Fanmi Garchette la byen e moun mwen plis pratike ak li se Canez Garchette ki se yon zanmi depi lontan. Mwen abitye prezante kozri,konferans pou Òganizasyon yo kreye nan Kapital Pòtoprens. Se pa kanal Canez mwen rive konnen kèk lòt frè ak sè. Avan touJosué ki se te yon Jèn Aktif epi dinamik te admire mwen anpil.
Josué Garchette fèt nan fon chomèy. Paran li te ba li non jwèt Aboli. Akoz teyat li te konnen jwe, li te vini pran Non Atis Abolando. Tout moun te konnen rele li nan non sa yo.
Abolando grandi pami anpil jèn ki genyen menm laj ak li ki genyen yon tanperaman diferan . Li renmen espas òganize, la kilti, teknik pwofesyonèl, avanti ak aksyon
.Nou dekouvri anpil kalite lakay Aboli ki pral ede li pran responsablite Lidè. Li se yon ban devan, yon derapè, yon demachè, yon vivan, yon bwa piwo, yon grenn pwomennen. Se pa ase.
Nan kesyon Tanperanman, depi jou bonb la tonbe sou rezo sosyal yo, temwayaj yo tonbe tankou grenn lapli. Zanmi,fanmi,kamarad konba souliye sajès, enèji, amitye ak karaktè Zetwal sa ki file devan je nou.
Talan Aboli te genyen yo te pèmèt li jwe anpil wòl nan kominote 9èm seksyon nan Benè. Li te anseyan ki anseye Kou Jewometri nan 3èm Sik Ekòl Nasyonal Kay Lakou. Li te yon Teknisyen Agwonòm ki fòme Brezil ki t’ap akonpaye agrikiltè nan Seksyon kominal Benè yo Li te yon Jèn Lidè ki te kolabore epi bay Kontribisyon li nan divès estrikti tankou : MOCAB, li te fondatè epi kòdonatè, KOREKOB li te sekretè jeneral, FERAPEM kote li te Konseye epi Teknisyen, yon kolaboratè nan CROSS. Li te youn nan Jèn Manb komite jesyon pwojè Kominote PRODEP yo nan Komin Benè.
Aboli se yon vivan, yon jèn litè ki t’ap satiyèt lavi tout fason. Li pote limyè nan tout kote e nan tout aktivite. Li degaje yon pisans ki t’ap mennen li lwen. Youn nan 21 lwa Lidèchip John C Maxwell yo se “” Lwa maksimòm ” nan ki di : Lidèchip mache ak responsablite. Mezi ou ap pran responsablite, moun yo ap fini pa konfye ou pi gwo responsablite. Donk Aboli te nan nivo pou grenpe echèl responsablite ke li pa genyen chans bay démonstrasyon sa.
Lanmò Aboli siprann anpil moun paske yo pa te konnen li te malad jouk pou souf li ta étenn.Maladi li kòmanse ak Yon gwo mal tèt ki abouti ak pèt ekilib tout kò li. Li kouri anpil trajektwa pou jwenn swen sante. Sa kòmanse Sant Benè, deplase vè Lopital Sen Michel Jakmèl pou rive Lopital Wout Frè nan Petyon vil. Aprè kèk egzamen, li te rive jwenn soulajman e reprann bon sans moun li. Sibitman, li fè 2 kriz ki retounen li Lopital kote li trepase anba je Fanmi li.
Nan Lendi vè 1è nan aprè midi konsa, zetwal la te file pou ale kote je nou pa wè, kote lespri nou pa fini pèse. Avèk dezolasyon Limyè a te etenn tankou yo gwo van ki pase. Se te gwo tranblemann kè.
Lanmò Aboli se yon dividal Pèt li ye. Dabò Pèt pou Fanmi Garchette la ki pèdi yon Lidè. Pèt pou madanm li ak 2 pitit li yo. Ti fi a se yon bebe ki fèt pandan li malad Lopital yo. Se Pèt pou yon Kominote ki bezwen Zetwal pou klere li nan Ténèb inyorans, pou li avanse nan Limyè pwogrè.Yon nouvèl konsa mete dlo nan je tout yon kominote. Pèt la two gran…
Aboli mouri nan yon laj moun genyen anpil matirite,yon adilt responsab.Li jèn toujou daprè nou menm pou li te kontinye viv. Tankou Youssoupha chante, lè ou jèn, ou pa mouri, se lavi a ou pèdi. Nan sans sa, zèv ak aksyon Aboli yo genyen pou viv plis tan pase li. Se sa lavi montre pou tout moun ki te konble tan egzistans yo a.
Nan moman dèy sa, anpil fanmi atriste , anpil pa rive aksepte sa ki rive a. Lanmò tankou Enrico Macias chante li, se pa yon defèt e se pou rezon sa nou tout, nan temwayaj nou yo, nou di li bon travèse. Sa vle di se Wout chimen imòtalite li pran.
Lanmò pa janm kite nou entak. Se pou rezon sa a, mwen ap prezante nan non pam, nan non Fanmi Jean Louis, nan non Tout estrikti Benè yo, fòs ak kouraj nan moman dezolasyon sa yo ak: Manman li epi Madanm li
Ak Frè epi Sè li yo :
Jean Canez Garchette
Lenès Garchette aka Top Love
Jean Hermanne Garchette alyas Manno
Romain Garchette
Mackendy Garchette
Rosanie Garchette
Querita Garchette
Ak 2 pitit li yo ki se :
Wensky Garchette ( gason)
Thanaelle ( fi)
Ak tout Fanmi, Zanmi, Kolèg, Konpayon wout, Konpatriyòt dèy sa fè lapèn.
Ke Bondye resevwa nanm Josué Garchette pou li kapab repoze nan lapè !
Ekri pa : Gandhi
En savoir plus sur Manno Info Plus Promo
Subscribe to get the latest posts sent to your email.